Estasyon Meteyo nan Jaden: Gid pou Enstalasyon ak Antretyen
palm trees sway in foreground of cloudy sky
view on EDIS
PDF-2019

Keywords

Weather
Climate
Climate-Based Crops Management
Haiti

How to Cite

Staub, Caroline G., William Eisenstadt, William Blanc, Nicole Monval, Clyde W. Fraisse, William Lusher, George Braun, and Lee Staudt. 2019. “Estasyon Meteyo Nan Jaden: Gid Pou Enstalasyon Ak Antretyen: AE531, 5/2019”. EDIS 2019 (3). Gainesville, FL. https://doi.org/10.32473/edis-ae531-2019.

Abstract

Si w se yon kiltivatè ki vle obsève kondisyon meteyo yo pou ka asire w jaden w yo ap grandi nan yon  bon anviwonman, ou sou bon chemen an. Chanjman meteyo yo jwe yon gwo wòl nan siksè oswa echèk aktivite agrikòl yo, kiltivatè yo rekonèt sa a. Kòm kounye a teknoloji yo amelyore e vin pi bon mache, anpil kiltivatè konstwi epi enstale estasyon meteyo ki fèt pou jaden menm, pou yo ka swiv kondisyon meteyo yo, chwazi semans oswa varyete semans ki adapte pou zòn nan, planifye kilè pou plante ak rekòlte, pran desizyon ki gen rapò ak pwoteksyon kont fredi, ak desizyon nan anpil lòt sitiyasyon. Enstalasyon yon estasyon meteyo bay kiltivatè yo yon opòtinite inik pou yo konprann pi byen kouman chanjman meteyo yo afekte jaden ak betay yo, sepandan, desizyon sa yo dwe baze sou bon kalite obsèvasyon. An Ayiti, gen anpil chans jaden w yo lwen estasyon meteyo ki pi pre a, paske nòmalman, yo sitiye lavil oswa nan zòn ki pre lavil. Chanjman meteyo yo tèlman varye, sitiyasyon tan an gendwa pa menm ant 2 zòn ki tou pre youn lòt, kote se sèlman kèlke kilomèt ki separe yo. Kidonk, gen anpil chans enfòmasyon meteyo ki soti nan yon estasyon ki lavil pa reprezante kondisyon meteyo kote jaden w lan ye a. Objektif piblikasyon sa, se pou sèvi kom gid de baz pou kiltivatè yo nan sa ki gen pou wè ak enstalasyon  ak antretyen yon estasyon meteyo.

https://doi.org/10.32473/edis-ae531-2019
view on EDIS
PDF-2019

This work is licensed under a Creative Commons Attribution-NonCommercial-NoDerivs 4.0 International (CC BY-NC-ND 4.0) license.